Jounen mondyal anseyan : Minis Nesmy Manigat adrese l ak pwofesè lekòl yo

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
jounen mondyal anseyan minis nesmy manigat adrese l ak pwofesè lekòl yo

Nan yon kominike ki pibliye sou sit MENFP a jounen mèkrèdi 5 oktòb 2022 a, minis edikasyon nasyonal la, pwofesè Nesmy Manigat, adresse l ak pwofesè lekòl yo pou salye kouraj ak detèminasyon yo nan akonpayman yo bay timoun yo ak gwo batay y ap fè pou chanje figi lekòl nan peyi a. 

Nan mesaj sa ki adrese ak anseyan yo nan tout peyi a, minis Nesmy Manigat fè konnen pa gen chanjman Ayiti ki posib san chanjman kondisyon lavi ak modènizasyon metye anseyan. Fas ak difikilte tout fòm anseyan yo ap fè fas nan peyi a, minis la di li rekonèt Leta dwe fè plis jefò dekwa pou anseyan yo sispann pèdi lespwa e abandone metye a. 

Yon lòt bò, minis edikasyon nasyonal la fè konnen anseyan yo se poto mitan pou transmèt valè, tradisyon, kilti, lang kreyòl pou ranfòse konbit tèt kole ak viv-ansanm lè yon nasyon ap pèdi pye. Yon jounen mondyal anseyan k ap selebre nan mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl nan peyi a.  

Yon kominike ki gen ladan l twa mesaj ki adrese ak kò anseyan an pandan jounen sa, pwofesè Nesmy Manigat mete aksan egalman sou enpòtans anseyan yo nan kad chantye ki lanse sou amelyorasyon kondisyon lavi ak transfòmasyon metye anseyan, liv inik, liv inik nimerik ki deja pare, ansèyman an kreyòl, refòm kourikoulòm ak ranfòsman segondè, segondè teknik e pwofesyonèl ki pa p rive posib san anseyan yo. 

Titilè MENFP a fè konnen ministè a konte sou anseyan yo, sitou nan kad mobilizasyon pou yon nouvo konbit sou edikasyon nan peyi a k ap pèmèt ministè a jwenn plis resous pou reponn ak revandikasyon anseyan yo, fòmasyon anseyan yo ak aplikasyon nouvo griy salè ansanm ak dekrè sou estati patikilye pèsonèl edikatif yo. 

N ap raple, aktivite lekòl yo sou teritwa ayisyen an toujou poko relanse, malgre dat 3 oktòb ministè a te fikse kòm dat rantre lekòl la pou ane akademik 2022-2023 a. Nan yon kominike ki te pibliye jounen lendi a, ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon te anonse yon rantre lekòl tipa tipa, fas ak sitiyasyon sosyopolitik yo ki pa bay okenn garanti nan peyi a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.