NETALKOLE

OEA mande entènasyonal la pou fè yon entèvansyon an ijans an Ayiti 

Luis Almagro, Sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) lanse yon apèl bay kominote entènasyonal la pou wè pa ki mwayen yo ka pase pou rezoud kriz sekiritè a nan peyi Dayiti. 

Responsab la mande, nan yon mesaj sou Twitter, pou Ayiti defini karakteristik fòs sekirite entènasyonal li bezwen fè entèvansyon lakay li a. 

Nan yon chita pale ant plizyè peyi ki fè pati OEA, Luis Almagro te echanje lapawòl ak minis Afè etranjè Kanada Mélanie Joly, minis Afè etranjè ayisyen an Jean Victor Généus, epitou Sekretè Deta ameriken an, Antony Blinken. 

Kanada pare pou bay sanksyon  

Peyi Kanada te pwononse l sou kriz k ap travèse peyi a depi kèk tan epi fè konnen « te deja gen vyolans ak zam epi rate gaz. Men konsekans dirèk yo lakoz kolera parèt pou pi rèd nan peyi a epi an danje lavi timoun yo. Sa ki bay anpil enkyetid pa bò kote otorite yo ak popilasyon an.  

Ayiti plonje nan yon veritab kawo sosyal ak politik, poutèt sa Kanada ak patnè li yo ki nan Amerik la pral wè si yo ka retire peyi a nan sa li ye jounen jodiya. Konsa tou, yo deside pou yo bay yon lo sanksyon ak tout gang k ap simaye latwoublay sou teritwa, epi moun k ap finanse gang yo.  

Toutfwa diplomat Mélanie Joly siyale sa ki pi enpòtan pou yo la se negosye yon trèv imanitè pou debloke tèminal Varreux ki nan Site Solèy, paske sa fè 21 jou depi pyès moun pa gen aksè ak gaz sou teritwa, mete sou sa pa gen dlo potab.  

N ap raple Lèzetazini ak Meksik te mete tèt yo ansanm pou mete sou pye yon rezolisyon Konsèy sekirite Nasyonzini an ap etidye aktyèlman. Yo kapab prezante l pou vòt 21 Oktòb k ap vini la. 

Kanada pa bò kote pa l, atravè madam Joly, fè konnen plizyè alye gentan ap chanje plizyè enfòmasyon ak li pou pote yon solisyon ak kriz la pa bò isit, jan yo te fè pou kèk dosye tankou gè an Ikrèn nan. Inyon ewopeyèn ak Lèzetazini pote kole ak Kanada nan zafè sila. 

N ap raple depi plizyè semèn chèf gang Jimmy Cherizier alyas Babekyou ki se pòt pawòl G9 an Fanmi e Alye bloke aksè pi gwo tèminal peyi a, Varreux ki nan komin Site Solèy. Depi lè sa rate gaz ki te gen sou teritwa vin pi grav pase jan l te ye oparavan. Aktyèlman pou w jwenn yon galon gazolin achte nan lari a fòk ou gen pou pi piti 3 mil goud, ponp yo fèmen paske pa gen kamyon ki pou vin fè apwovizonman ladan l yo.  

Lari a bloke pral gen yon mwa depi l bloke suit ak desizyon Ariel Henry te pran pou monte gaz la sou mache a ak 570 pou gazolin nan, oparavan l te 250, malgre divès kraze brize ki fèt Premye minis lan pa janm retounen sou desizyon an.  

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Articles Similaires

1 de 1 155

Laisser un commentaire