Rimè demisyon Ariel Henry : ke li la pi rèd kon ke makak 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
rimè demisyon ariel henry ke li la pi rèd kon ke makak 

Byen ta ayè 6 oktòb 2022 a, plizyè rakwen nan kapital la te rekonèt yon jwa òdinè aprè rezo sosyal yo ta pral aprann demisyon chèf primati a Ariel Henry nan tèt peyi a. Kèk zòn tankou Boudon, Jivena, Ba Dèlma, Petyonvil ….. Ak kèk vil pwovens tankou; Tigwàv, Okay, Okap elatriye, te pran selebre rimè sa a ki te okipe tout entènèt la pandan omwen 1èdtan. 

Aprè rimè a te fin fè chimen l, biwo kominikasyon primati a te toutswit pibliye yon nòt pou demanti enfòmasyon an, si n ta kwè konklizyon tèks fransè a «  

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Il s’agit purement et simplement de stratégies d’affabulations, d’intoxications orchestrées par des individus mal intentionnés, visant à semer davantage le trouble et la confusion” te ekri biwo kominikasyon primati a. 

Ki kote rimè sa a sòti ? 

Rimè a kòmanse nan yon mouvman pwotestasyon kont gouvènman aktyèl la ki te fèt ayè byen ta nan aswè 6 semtanm nan, ki tap monte sou wout Jivena a, manifestan yo ki tap bat tenèb pandan tout pakou a tap repete yon ansanm deklarasyon tankou « Bwa kale, Ariel Ale, Nou pran yo » pou n site sa yo sèlman.  

Kèk moun ki tap asiste ak anplè manifestasyon an te toutwiv pataje sèn nan sou rezo sosyal yo, epi kreye eskandal la. Sa ki ta pral chofe tout platfòm yo, jiskaske kèk medya ta pral pran nan kouran an. Nan menm moman an, enfòmasyon an, plizyè katye nan kapital la kou vil pwovens te pran selebre rimè sa a nan fason pa yo. Anbyans lan pat piti, kawotchyou te kòmanse boule nan prèske tout zòn ki site yo, pou sitwayen Petyonvil yo se te gwo fèt, fedatifis te kòmanse pete, anpil pawòl piman bouk tap repete. 

Si yon senp rimè anvayi yon jwa òdinè kay pèp Ayisyen an ki pa bouke mande pandan plizyè semèn, pri nòmal pwodui petwòl yo, yon fren ak lavi chè a epi demisyon Ariel Henry nan tèt peyi a. Sa montre ak klè ki jan pèp la tap rale yon souf si se te tout bon Misye Ariel te fè malèt li, epi pran retrèt li andeyò peyi a jan pwotestatè yo swete sa a. 

Antouka, tout kaka chat te deja devwale sou antèn radyo Magic9 jou pase yo, « Ariel Henry se yon senp travayè, li pa gen dwa pou l fè wonn pòt, san blan meriken pa mande l». 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.