Pwofesè Istwa Victor Benoît mande pou ranfòse fòs sekirite nasyonal yo 

Par
Mackendy Filderice
Rédacteur
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.
- Rédacteur
pwofesè istwa victor benoît mande pou ranfòse fòs sekirite nasyonal yo 

Pwofesè Istwa Victor Benoît, pandan yon entèvansyon lendi 17 oktòb 2022 sa a sou ond radyo Galaxie te di li kont deplwaman yon fòs etranje an Ayiti. Politisyen an fè konnen meyè mwayen pou konbat ensekirite nan peyi a se ranfòse sekirite nasyonal la. 

Pandan entèvansyon sa, pwofesè Benoît  fè konnen  peyi a fè eksperyans plizyè fwa ak misyon etranjè men pwoblèm ensekirite a toujou la pi rèd, epi li vin pi mal. Se sak fè Mesye Benoît di fenomèn ensekirite sa a merite yon apwòch ak plizyè dimansyon. 

Pou pwofesè istwa a, pwoblèm ensekirite sa a gen plizyè nati, tankou nati ekonomik. Nan sans sa a politisyen an sigjere kèk mezi ekonomik k ap ede jwenn yon solisyon pou rezoud pwoblèm ensekirite a nan peyi a. 

Yon lòt bò, Victor Benoît fè konnen pou yo derasinen koze gang nan peyi a dwe gen yon volonte politik pou sa rive fèt. « Depi plis pase yon lane, ekip dirijan an pa fè aksyon pou pwouve volonte li pou retabli yon klima lapè nan peyi a », te deplore Victor Benoît. 

 « Pou kwape fenomèn ensekirite sa kap ravaje peyi a, nou bezwen ranfòse fòs sekirite nasyonal yo », te deklare pwofesè Istwa, Victor Benoît. 

//
Sign Up for Our Newsletter

Subscribe to our newsletter to get our newest articles instantly!

[mc4wp_form id= »55″]

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.