Categories: AN KREYÒL DIPLOMATIE

Peyi Kiba mande peyi ki nan CARICOM yo pou yo ede Ayiti soti nan kriz la

Share

Prezidan Kiben an, Miguel Diaz-Canel, mande peyi CARICOM yo, pou ede Ayiti rive jwenn yon solisyon pasifik pou kriz politik, sosyal ak ekonomik li ap travèse a.  Prezidan Kiben an te fè apèl sa a pandan uityèm somè ant Kominote Karayib la (Caricom) ak Kiba ayè madi 6 Desanm 2022 a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon diskou nan kòmansman somè a, ki ap fèt nan Babad (Barbade), Prezidan Kiben an Miguel Diaz-Canel te di , menm jan ak anpil fwa nan listwa peyi a, ap Ayiti soufri nan yon sitiyasyon patikilyèman konplèks. 

“Nan non Kiba, ki anfavè estabilite ak lapè an Ayiti e ki defann dwa pèp  Ayisyen an  pou li jwenn yon solisyon lapè atravè dyalòg pou gwo defi yo, nou eksprime la a jodi a volonte pou kontinye lonje men nou bay  nasyon sè nou an”, te deklere Prezidan Kiben an, Miguel Diaz-Canel. 

Yon lòt bò Chèf Gouvènman CARICOM yo  nan yon kominike mande tout moun ki konsène yo an Ayiti pou yo ini prese prese nan moman kritik sa a peyi a ap fè fas la  nan lide pou mete fen nan enpas politik la. 

Òganizasyon an gen ladann Antigwa ak Babida(Antigua-et-Barbuda), Bahamas, Babad, Beliz, Dominik, Grenada, Giyàn, Ayiti, Jamayik, Monsera, Trinidad, elatriye. 

Nap raple, Somè a kowenside ak 50yèm anivèsè etablisman relasyon diplomatik yo an 1972 ant Kiba ak Barbad, Giyàn, Jamayik ak Trinidad ak Tobago, ki te fèk pran endepandans nan men Wayòm Ini.

Ravensley Boisrond

Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia

Leave a Comment
Published by