Se nan kè sote plizyè moun ki rete nan plizyè lokalite nan komin Petyonvil, aprann nouvèl lanmò trajik Guito, yon chofè machin tout moun konnen ase byen ki asire trajè Petyonvil/Malik.
Yo jwenn kadav viktim lan k ap boule sou yon teren vid nan yon zòn ki rele Lasous, yon lokalite nan komin Petyonvil. Daprè enfòmasyon ki rive nan redaksyon nou, yo touye viktim nan nan lannwit 9 pou rive 10 desanm 2022.
Sikonstans kote yo komèt zak la sou chofè sa a poko fin twò klè, toutfwa ajan PNH yo te arete plizyè moun aprè ensidan an ki sanble gen rapò ak dosye sa a.
Facebook Comments