Categories: POLITIQUE

Jean Charles Moïse pral foule beton an aprè Koupdimonn

Share

Lidè pati politik Pitit Desalin nan, Jean Charles Moïse anonse mobilizasyon yo pra l reprann nan lari a, aprè yo te fè yon bon tan kanpe an rezon Koupdimonn lan. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Opozan fawouch pouvwa anplas la, depi lè rejim Tèt Kale a rive nan tèt peyi a, fè konnen depi nan fen desanm 2022 pou al bout nan nouvèl ane a, li gen yon kalandriye mobilizasyon byen estriktire pou fè fas ak pouvwa anplas la nan lari a. Li mande pèp la rejwenn li pou kontinye konba a. 

Li denonse otorite yo ki pwofite Koupdimonn lan pou detounen atansyon popilasyon an, pandan y ap pran yon seri mezi malouk. “Mòy” deklare ensekirite a vin pi rèd, lavi chè a ogmante, dola k ap pran valè sou goud la, se pa pale. 

Lidè a te tou pwofite pwononse l sou sanksyon Lèzetazini ak Kanada pran kont yon seri dirijan pa bò isit an Ayiti. Pou li menm sanksyon sila yo se sou papye yo ye, pa gen okenn mezi ki rantre an vigè reyèlman kont konsène yo. 

N ap raple, depi 7 septanm pase Jean Charles Moïse te lanse yon seri mobilizasyon kont pouvwa anplas la, ki gen nan tèt li Ariel Henry. Malgre peyi a te lòk pandan prèske 3 mwa, sa pa t sifi pou te kapote rejim Tèt Kale 3yèm vèsyon an. 

Anplis sa, mobilizasyon sila yo t ap pral lakòz vi a vin pi chè, an rezon majorite aktivite te bloke, mete sou sa pa t gen gaz sou teritwa akòz bandi G9 ki nan Site Solèy te deside pran kontwòl tèminal Varreux. 

Si pou kounya Lèzetazini ak Kanada sanksyone plizyè gwo dirijan pami yo Berto Dorcé, Listz Quitel, Youri Latortue, Joseph Lambert, Gary Bodeau, Rony Célestin, Hervé Fourcand, Michel Joseph Martelly, Laurent Lamothe ak Jean Henry Céant, pou enplikasyon yo nan move zafè tankou trafik dwòg, finanse gang pou kraze peyi a, pou ansyen senatè ak ansyen kandida prezidans lan sa yo pa sifi. Vrè batay la se sou beton an li pral fèt trè pwochènman. 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by