Kèk detay enpòtan sou mondyal 2026 la  

Gabriel Emmanuel
Par
Gabriel Emmanuel
Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive
- Rédacteur
kèk detay enpòtan sou mondyal 2026 la  

FIFA reyisi 22èm edisyon mondyal la nan peyi Kata, yon mondyal ki fè anpil pale anpil pou kote l tap òganize a epi nan sezon yo te fè l la, ki se ivè. Aprè Ajantin Messi a fin champyon, FIFA gentan ap travay pou mondyal ki pral òganize nan 3 peyi nan amerik la (Etazini-Kanada-Meksik) nan yon lòt fòma.  

Mondyal nan peyi Kata a se youn nan pi bèl edisyon FIFA te ka òganize, prezidan FIFA a : Gianni Infantino kwè se pi bèl mondyal nan tout sak te fèt yo. Pandan seleksyon ajantin nan ap selebre viktwa l pou dènye edisyon an, FIFA gentan anonse kijan sa kapab ye nan mondyal k ap vini an.   

Men kèk detay ki enpòtan ki konsène mondyal 2026 la 

  • Mondyal sa ap fèt ak 48 ekip 
  • Rankont yo ap fèt nan 16 vil  
  • Ap gen 12 gwoup chak gwoup ap gen 4 ekip  
  • 2 premye yo ap kalifye epi ap gen 8 meyè twazyèm 
  • Ap gen 16èm final  

Yon mondyal ki anonse enteresan nan peyi Etazini-Kanada-Meksik, kote ap gen plis pase kantite match espektatè yo konn swiv lè te gen 32 ekip nan konpetisyon an. Ebyen mondyal 2026 la ap genyen 104 match pou plis emosyon, plis pasyon ak plis anbyans.  

 

//
Sign Up for Our Newsletter

Subscribe to our newsletter to get our newest articles instantly!

[mc4wp_form id= »55″]

Partager cet article
Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive