16 prizonye pou pi piti mouri nan espas de semèn anndan prizon sivil Jakmèl la 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
16 prizonye pou pi piti mouri nan espas de semèn anndan prizon sivil jakmèl la

Sòti premye pou rive 16 desanm 2022 genyen pou pi piti 16 prizonye ki mouri anndan prizon sivil Jakmèl la akoz move kondisyon detansyon nan sant kaseral yo nan peyi a, prensipalman nan prizon Jakmèl la. 

Prizonye yo nan prizon sivil Jakmèl la kontinye ap mouri grenn pa grenn. Pou mwa desanm lan, se prèske chak jou genyen pou pi piti yon prizonye ki mouri. Nan espas de semèn genyen omwen 16 ki deja pati pou peyi san chapo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Anpil nan prizonye sa yo ki mouri pandan peryòd sa anndan prizon sivil Jakmèl la te prezante kèk nan sentom maladi tankou vomisman ak dyare. Akote move tretman prizonye yo ap jwenn anndan prizon an, epidemi kolera a ta youn nan koz lanmò a repetisyon sa yo. 

Fas ak ka lanmò sa yo k ap repete prèske chak jou nan prizon an, Komisè gouvènman bò kote Tribinal premye enstans Jakmèl la, Lionel Chérima, anonse gen dispozisyon k ap pran pou libere espas nan prizon an epi amelyore kondisyon detansyon yo. 

Sou dosye prizonye k ap plede mouri nan divès sant kaseral anndan peyi a, Nasyonzini te deja rele anmwey nan mwa ki sot pase yo sou kondisyon detansyon prizonye yo an Ayiti kote anpil nan yo te rive pèdi lavi yo akoz pwoblèm grangou ak laswenyay. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.