Categories: POLITIQUE

Ariel Henry renouvle apèl  li pou inite pou soti peyi a nan kriz sa a

Share

Nan okazyon selebrasyon jou zansèt yo,Premye Minis Ariel Henry te rasanble sou lotèl patri a ki chita kò l nan ri de la Reyinyon, pa lwen  Palè Nasyonal. Chèf gouvènman an pwofite renouvle apèl li pou inite pou peyi a soti nan chimen soudevlopman an.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Vrèman vre, Chèf gouvènman Ayisyen an, Ariel Henry te rasanble sou lotèl patri a yon ti tan apre li te fin depoze yon kouwòn pou onore memwa zansèt fondatè nasyon an.

“Mwen vle, atravè ofrann floral sa a, envite tout pitit gason ak pitit fi nasyon an pou yo ini, tankou zansèt nou yo, pou yo ka pwouve limanite nou finalman pare pou antre nan yon nouvo epòk: chanjman, rekonsilyasyon, inite, pataj ak viv ansanm.  Se konsa, anpil bèl kalite te fè fòs nou ak fyète nou nan tan lontan.”, te ekri lokatè Primati a nan yon mesaj li te pataje sou Twitter.

Mesaj Premye minis Ariel Henry a vini nan yon kontèks kote akò 21 desanm li te siyen an mete anpil konfli, kote Asosyasyon tankou Chanm Komès ak Endistri Nò, Nòdwès, Nòdès ak Sid dezapwouve konsansis nasyonal la pou yon tranzisyon enklizif. Estrikti sa yo deklare yo pa bay sipò yo nan okenn apwòch pou ankouraje move pratik siyatè yo.

N ap souliye Prezidan Lakou Kasasyon an, Jean Joseph Lebrun, Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Emmelie Prophète Milcé, Direktè Jeneral Enterimè Polis Nasyonal la, Frantz Elbé, se yo menm ki te akonpaye Premye minis Ariel Henry pandan ofrann floral sa a.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by