Yon estad ki pote non wa Pelé nan chak peyi se omaj sa FIFA vle bay wa foutbòl la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
yon estad ki pote non wa pelé nan chak peyi se omaj sa fifa vle bay wa foutbòl la

Se tout mond lan ki koube yo byen ba devan lanmò Pelé epi swete fanmi li ak zanmi li bon kouraj. Preske nan tout peyi sou latè, moun ki renmen foutbòl te pwofite okazyon sa pou yo bay wa foutbòl la yon denyè omaj. Enstitisyon kap jere disiplin sa ki se FIFA a, pat kache kijan yo swete onore jwè a, pou chak peyi ta dwe gen yon estad ki pote non Pelé. 

Nan lide pou kenbe memwa lejand brezilyen an, FIFA bay yon ide kote l ta renmen chak peyi gen ton estad ki pote non Pelé, yon omaj san parèy pou jwè ki pran mondyal la 3 fwa nan karyè li sou 4 fwa li te patisipe yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Prezidan FIFA a ki se Gianni Infantino, te nan mikro medya brezilyen yo, pou l te bay kèk pawol sou travèse Pelé, ki kite mond sa ak 82 lane aprè li tap lite ak yon kansè,  pwoblèm ren ak kè li. Prezidan FIFA pat kache ide li, kote li swete pou chak peyi ta gen ton estad ki pote non Pelé.

Nimero 1 FIFA a pa bay okenn prezisyon sou kijan ak ki gwosè estad yo dwe ye, men li pwomèt li pral mande tout federasyon yo sa, yon fason pou yo ka bay yon omaj san parèy ak wa foutbòl la.

Pelé travèse, men foutbòl la rete vivan, sa li te akonpli yo se te chimen pou jenerasyon ki te vini aprè li. Yon estad ki pote non Pelé nan chak peyi, se yon ide ki kapab kreye anpil polemik.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive