Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

Frè plizyè sèvis imigrasyon pral pare pou monte Ozetazini

Share

Imigrasyon peyi Lèzetazini anonse, nan yon kominike li rann piblik nan dat 3 janvye 2023 a, ogmantasyon kèk frè demand prestasyon ak natiralizasyon. Ogmantasyon sila yo ap pèmèt li rekonstwi sistèm li an, se sa l fè konnen. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Se Sèvis sitwayènte ak imigrasyon Lèzetazini an (USCIS) ki pwopoze ogmantasyon frè sila yo pou nouvèl ane a. Ajisteman sa yo konsène patikilyèman prèske tout sèvis yo ofri yo. 

Plizyè avoka imigrasyon deja genyen nouvo tarif yo pwopoze yo, daprè detay jounalis Luckson Saint-Vil bay sou dosye sila.  

Nan yon dokiman USCIS detaye ajisteman pri yo konsa: frè pou petisyon rezidans pèmanan yo dwe pase 535$ a 820$ pou aplikasyon sou papye yo, pou aplikasyon an liy yo l ap koute 710$ ; kat travay (I-765) dwe pase 410$ a 650$ si w aplike sou papye, epi 555$ si se an liy ou fè sa ; ajisteman estati (I-485) dwe pase 1 140$ ak 1 540$. 

Konsa tou renouvèlman rezidans pèmanan 10 zan a (I-90) sòti 455$ pou rive 465$ sou papye ak 445$ an liy ; pou retire kondisyon rezidans 2 zan (I-751), li sòti 595$ pou rive 1 195$ ; natiralizasyon (N-400) pase 640$ pou 760$ ; dokiman vwayaj (I-131), 575$ pou 630$, epi pri pou petisyon fiyanse yo (I-129F) pase 535$ pou rive 720$. 

Otorite imigrasyon amerikèn yo fè konnen toutfwa frè yo p ap chanje jiskaske règ final la antre an vigè, aprè piblik la te gen yon opòtinite pou fè kòmantè, epi USCIS fin finalize orè frè a an repons ak kòmantè sa yo. 

Peryòd 60 jou kòmantè piblik la kòmanse aprè piblikasyon règleman yo nan jounal ofisyèl peyi a (Rejis Federal).Yon sesyon angajman piblik sou règ frè yo pwopoze yobpral fèt 11 janvye k ap vini la. 

 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by