Categories: AN KREYÒL SPORTS

Zinédine Zidane nan lis pou l ta vin antrenè seleksyon  Brezil la

Share

Depi 2018, rèv Zinédine Zidane se antrenè ekip Frans lan, rezilta ak konfyans federasyon foutbòl fransè a gen nan Didier Deschamps tounen yon obstak pou ansyen antrenè RealMadrid la. Depi aprè revokasyon Tite, CBF la ap chache yon antrenè ki gen mantalite pou pran tèt seleçao a, Zidane nan yon lis federasyon foutbòl brezil la pou l ta vin antrenè seleksyon Brezil la pou ane 2023.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

CBF la nan gwo difikilte pou yo jwenn yon antrenè brezilyen ki pou ranplase Tite aprè echèk li nan Mondyal 2022 a. Non ansyen nimewo 10 fransè a, ki se yon etranje, pa sispann site pou vin pran tèt ekip Brezil la kòm antrenè. Dènye eksperyans Brezil ak yon antrenè etranje se te nan lane 1965 ak yon antrenè ajanten ki rele  Filpo Nuñez.  

Ekip Brezil la ki swaf yon tit Mondyal, ki gen 20 lane grangou san pran konpetisyon planèt ble a. Yon moman Brezil pat janm konnen nan istwa li nan jwèt la depi 1970 pou rive 1994. Pou anpil obsèvatè Zidane se antrenè ki ka fè Brezil rejwenn mantalite gayan li te genyen an. Se vre Zidane te kase mete nan men Brezil nan lane 1998 ak 2006, men sa pa anpeche anpil fanatik Brezil renmen l epi swete l vin antrenè seleçao a.  

Yon jounalis ki se Mauricio Savarese, k ap travay pou Associated Press fè konnen li menm :  

“Zidane konn kijan pou li jere gwo jwè, se sa Brezil bezwen nan moman an, se vre Zidane pa yon gwo taktisyen, men li gen mantalite gayan Brezil ap chache a, menn lè m pa rete kwè li ka reyisi ak yon ekip nasyonal.” 

Yon bagay ki sèten, pran Zidane, pa pran l, CBF la dwe jwenn yon antrenè pou ekip Bezil la nan mwa janvye a. Se pa non Zidane sèlman ki site kòm antrenè etranje ki ta dwe vin antrenè ekip Brezil la, lòt non yo se : Thomas Tuchel, Mauricio Pochettino, Marcelo Gallardo e menm  Carlo Ancelotti. 

 

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by