Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

Kantite bato imigran Ayisyen k ap travèse Florid ogmante depi kòmansman ane a

Share

Daprè sa otorite ameriken yo rapòte jodi vandredi 6 janvye 2023 a, kantite bato kiben ak ayisyen k ap travèse Florid sibi yon gwo ogmantasyon  depi kòmansman ane a.   

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Sektè Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè Etazini nan Miyami te note yon ogmantasyon de 400% nan rankont yo depi Oktòb ane pase. Dry Tortugas National Park, ki sitiye apeprè 70 mil nan lwès Key West, te fèmen pou yon jounen semèn pase a, apre 300 vwayajè te ateri ladan l. 

Nan yon videyo otorite ameriken yo pibliye, nou kapab konstate kote Gad Kòt ameriken yo te voye bato sekou pou ede moun yo ki te anpil nan bato yo. 

Nap raple akòz kriz sa peyi a ap travèse a depi plizyè lane, anpil nan popilasyon Ayisyen an toujou ap kite peyi a pafwa yo riske vi yo, pou ale chèchè yon lavi miyò  nan yon lòt peyi espesyalman nan peyi tonton Sam. 

Prezidan ameriken an, Joe Biden te anonse  ayè jedi 5 janvye a yon nouvo plan migrasyon ki pral pèmèt jiska 30,000 imigran soti nan Venezyela, Nikaragwa, Kiba, ak Ayiti  antre Etazini, moun sa yo dwe gen yon esponsò finansye nan peyi Etazini ki legal pou sa kapab posib. 

Alòske, Joe Bieen fè konnen tou moun ki antre nan peyi a ilegal yo sijè a ekspilsyon nan Meksik dapre kondisyon ki nan Tit 42 a, yon lwa administrasyon Trump lan te pwopoze nan kòmansman lane 2020 an. 

 

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by