Categories: AN KREYÒL SPORTS

Real Madrid alinye yon 11 san Panyòl pou premye fwa nan istwa l

Share

Real Madrid konnen yon defèt nan Liga a samdi 7 Janvye a sou teren Villarreal (2-1). Pou Kòmanse match sa, Carlo Ancelotti te mete yon 11 ki pa gen okenn jwè Panyòl ladan l. Se premye fwa sa fèt depi lè klèb Madrilèn nan egziste. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Real Madrid se pi gwo klèb mond foutbòl la pa janm konnen. Depi lane 1903 y ap bay moun boul epi ranpòte tout twofe yo jwenn sou wout yo, sitou sa ki gen plis valè yo. Pou vizit Real Madrid sou teren ekip Villarreal la wikenn sa, Merennge yo monte pelouz la san yon grenn jwè Panyòl. Sa pa t ko janm fèt nan tout istwa klèb kapital Espay la. 

Carlo Ancelotti, direktè teknik Real la, te kòmanse avèk Thibaut Courtois anba kan an. Se yon gadyen ki gen nasyonalite Bèlj. Defans lan menm, se 4 jwè etranje ki te fòme l : Nou te jwenn Eder Militao (Brezilyen), David Alaba (Otrichyen), Antonio Rudiger (Alman) epi Ferland Mendy (Fransè). 

Lè n gad mitan teren an, se yon melanj ant Ewòp ak Amerik. Aurélien Tchouaméni, Fransè a te gen pilye yo bò kote l, Luka Modric (Kowat) epi Toni Kroos (Alman). Devan an nou jwenn 2 jwè ki soti nan Sid Amerik la, Vinicius Junior (Brezil) ak Federico Valverde (Irigwe) epi Balon dò an tit la, Karim Benzema ki se yon Fransè. 

Jephte Pascal

Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.

Leave a Comment
Published by