Categories: AN KREYÒL SANTÉ

Ayiti : plis pase 400  moun deja mouri nan kolera

Share

Daprè dènye resansman ofisyèl ki te pibliye pandan wikenn lan, Ministè sante piblik ak popilasyon an (MSPP) konfime 452 moun mouri nan kolera pou yon total 1,570 ka pandan y ap eseye fini verifikasyon yon lòt 22,575 ka pwobab. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ayisyen an konfime kolera touye 452 moun depi li pete an Ayiti depi sa fè 3 mwa deja. Daprè sa Ministè a fè konnen kantite  moun ki entène lopital ak sentòm yo se 18,360 depi deklarasyon premye ka a nan dat ki te 3 oktòb 2022 a. 

Mete sou sa a, MSPP souliye laj mwayèn moun ki entène nan lopital yo se 20 lane, tout pandan li fè konnen epidemi an touche patikilyèman timoun ki gen laj 1 a 9 lane, ki totalize apeprè 7,200 ka pwobab. 

An paralèl, epidemi Kolera a rive nan peyi vwazen an, daprè otorite sante peyi sa a, nan wikenn sa a  

peyi Repiblik Dominikèn te anregistre premye lanmò li akoz maladi kolera.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by