Gwo manifestasyon nan peyi Izrayèl pou denonse Netanyahu 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
gwo manifestasyon nan peyi izrayèl pou denonse netanyahu 

Anpil moun pran lari yè samedi 7 janvye a, nan Tel-Aviv, kapital peyi Izrayèl pou denonse gouvèneman Benjamin Netanyahu a, ki parèt yon gwo danje pou demokrasi yo a. Daprè anpil manifestan, gouvèneman Netanyahu a se gouvèneman ki pi tèt anba nan tout istwa peyi Izrayèl.  

Yon milye moun manifeste nan Tel-Aviv pou denonse gouvèneman Benjamin Netanyahu a, ki pou manifestan yo, yon gouvèneman pwoblèm pou demokrasi peyi Izrayèl la, pankat nan men, kèk moun te ekri : »Lage pyew », « Ansanm nap konbat fasism ak apartheid », « Demokrasi a an danje » 
 

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple, Benjamin Netanyahu te genyen eleksyon ki te fèt premye novanm pase a, li te pran pouvwa 29 desanm, kote l ta pral fòme yon gouvèneman ak ekstrèm dwat la epi iltra ótodoks yo.  

Youn nan manifestant yo te pale konsa nan mikwo AFP: 

« M vin la jodi a ak anpil moun. Se premye fwa yon mouvman ap dire, paske nou gen pwoblèm,  ekstremis yo ap bay pwoblèm pandan nou se majorite a nan popilasyon an. » Se sa Omar deklare, yon manifestan k ap travay nan sektè high-tech.  

Ekip ki fèk enstale a gentan di sa yo pral fè  nan sa ki gen pou wè nan dosye Palestin nan, fè gwo refòm espesyalman nan sistèm jisdisyè a, yon ekip ide ki mete anpil enkyetid nan kominote LGBT a. Anpil drapo koulè akansyèl, bandwòl ak mayo te nan manifestasyon sa pou demonse ministè ki fèk monte a.  

Yon avoka ki rele Assaf fè konnen :  

 » nou pa vle demokrasi nou an disparèt, pou lakou siprèm nan detwi. Nou vle yon gouvèneman ki gen bon jan kontwòl pou l travay pou peyi a »  

Se pa premye fwa moun pran lari pou denonse gouvèneman Netanyahu a, sa te fèt nan lane 2020 ak 2021, kote plizyè mwa manifestan yo tap mande Benjamin Netanyahu pou l bay pouvwa a.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive