Categories: AN KREYÒL JUSTICE

Koripsyon ak enjistis fin anvayi tribinal ak pakè yo an Ayiti

Share

Alòske minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Emmelie Prophète Milcé panche sou dosye detansyon prevantif pwolonje a depi lè li rive nan tèt ministè a, platfòm dwa moun “Justice & Solidarite” pa mete dlo nan bouch pou kritike to detansyon yo ki debòde nan peyi d Ayiti. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

“Justice & Solidarité” fè konnen li pa nòmal pou to detansyon prevantif pwolonje a rive nan nivo sa nan sant kaseral nou yo pa bò isit, swa 83%, yon to ki wo anpil. 

Pou òganizasyon an, koripsyon ak mank bidjè se de nan bagay ki rann jistis la fayi ak misyon l nan peyi d Ayiti, moun ki ta dwe jwenn jistis yo nan gwo difikilte sitou lè yo pa gen kòb pou defans yo, oubyen si medya pa panche sou zafè yo a.  

“Moun sa yo ap pase tout rès vi yo dèyè bawo prizon pandan y ap tann yon pwosè penal, ki ka genyen asistans yon jiri ou pa genyen l”: deklarasyon “Justice & Solidarité”.  

Estrikti a pa mete dlo nan bouch pou denonse yon lòt kote kèk otorite, pami yo Komisè gouvènman yo, ki pran plezi voye prizonye devan jij enstriksyon ki bay yo libète pwovizwa menm lè lalwa pa prevwa sa, e pi fò zafè sila yo pa gen swivi ki fèt pou yo. 

“Se koripsyon k ap domine nan pi laplipa tribinal ak pakè yo an Ayiti”.  

Pwoblèm detansyon prevantif pwolonje a la depi plizyè lane, se youn nan rezon ki fè popilasyon kaseral la wo konsa nan prizon yo an Ayiti. Pi fò prizonye yo pako janm pase devan jij natirèl yo depi aprè yo fin jete yo nan prizon epi bliye yo. 

“Soti nan MINUJUSTH rive nan BINUH, senbal la sonnen menm jan anba dikte Nasyonzini, ki depi anviwon dizan bay anpil lajan pou sipòte jistis ayisyen an pandan pwofesyonèl yo pwouve chak jou yo pa gen okenn konsyans sivik. Se koripsyon k ap layite kòl nan pi fò tribinal nou yo ak jistis la”, li te kritike.  

“Justice & Solidarité” ensite sou nesesite ki genyen pou kwape fenomèn detansyon prevantif pwolonje a ki reprezante yon teren fètil pou koripsyon nan sistèm jidisyè ayisyen an. 

N ap raple MJSP Emmelie Prophète Milcé te chita pale avèk chaje dafè ameriken Eric Stromayer sou dosye detansyon prevantif pwolonje a, pami kèk lòt, semèn pase a, tankou zak ilegal ak abitrè k ap poze nan peyi a patikilyèman nan sistèm jidisyè a. Depi lè l rive nan bwat sila, minis Milcé òganize plizyè aktivite deja avèk otorite jidisyè yo, nan lide pou enstitisyon an ka ranpli misyon l kòmsadwa, sitou nan zafè detansyon. 

Toutfwa n ap raple “Justice & Solidarité” fè konnen Direksyon Admistrasyon Penitansyè (DAP) rapòte sou 11 mil 718 prizonye, sèl 1 935 kondane pa yon jij, lòt yo ap tann 10 zan pou plede kòz yo, alòske genyen lòt ki pa menm gen kòb pou peye avoka. 

 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by