Airlink ak USAID lanse yon pon imanitè pa avyon pou ede peyi d Ayiti 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
airlink ak usaid lanse yon pon imanitè pa avyon pou ede peyi d ayiti 

Depi Lèzetazini, yon pon ayeryen monte ant Airlink – ki se yon òganizasyon lojistik nan zafè katastwòf – ak USAID, nan lide pou pote yon sipò imanitè bay peyi d Ayiti atravè plizyè ajans èd k ap lite pou simonte kontrent transpò ak pwoblèm sekirite yo sou teren an. 

Depi kèk tan ajans imanitè yo gen anpil mal pou yo fè èd yo rive jwenn moun ki nan nesesite yo sou zile a, an rezon pri transpò yo, epi ak zak vyolans ki genyen la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pri pou lwe (fwete) sèvis ayeryen yo ogmante nan 160%. Pou fè fas ak sa, finansman pon ayeryen Airlink lan sòti nan yon sibvansyon Biwo imanitè USAID a k ap bay 2 vòl pa mwa jiska fen mwa janvye k ap vini la, se sa Airlink fè konnen nan yon kominike. 

« Se SEKO Lojistik, patnè Airlink, k ap okipe transfè machandiz yo, kowòdone priz anchaj yo, transpò atè ak depo yo. 

USAID pran mezi sila nan tèt kole ak Airlink an rezon kantite gang k ap opere sou teritwa, sa ki rann travay la difisil: anviwon 200, e sèlman nan kapital la Pòtoprens genyen 95 gang ak zam k ap opere. Òganizasyon an fè konnen sa anpeche yo pote yon sipò bay popilasyon an ki nan yon ijans imanitè, san konte konsekans lòt katastwòf kite sou zile a, pami yo asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse 7 jiyè 2021 pase a, lakay li nan Peleren 5, komin Petyonvil.  

Nan menm kominike sila, Airlink pale tou de tranbleman tè 14 dawout la ki te frape gran Sid peyi d Ayiti, ak epidemi kolera ki parèt yon lòt fwa ankò sou teritwa a.  

« Yon epidemi kolera se dènye dezas ki frape pèp ayisyen an. Gen plis pase 18 mil ka sispèk nan mitan popilasyon an, 30% ladan yo se timoun ki poko gen nevan an”, daprè detay kominike bay, Airlink rapòte defayans sistèm sante ayisyen: “sou 22 etablisman sante, se sèlman 6 k ap fonksyone nòmal.”  

Pou kounya, Lana Oh, ki se chèf Ekip entèvansyon USAID si gen katastwòf an Ayiti, deklare: “Pandan bezwen imanitè yo pèsiste epi yon epidemi kolera menase sante ak byennèt pèp ayisyen an, USAID ap travay pou pote asistans pou sove lavi moun ki plis bezwen yo.” 

USAID di l fyè pou li fè patenarya sa ak Airlink pou kreye pon ayeryen vital sa a an Ayiti, nan lide pou sove lavi epi soulaje soufrans kriz imanitè a ki kontinye ap fè viktim, ak dega epidemi kolera a koze. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple kolera se yon maladi orijin “idrik” sa vle di ki pwovoke yon dyare “egi” kay moun ki kontamine a epi ki ka lakòz li mouri si yo pa trete l bonè. Medsen yo rekòmande pou fè fas ak maladi a, yon ijyèn men san neglijans, konsomasyon aliman ki byen lave ak kuit, konsomasyon dlo potab epi evite manje manje ki fèt epi y ap vann nan lari. 

Se kèk mwa apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la nou te kòmanse idantifye ka kolera yo an Ayiti. Epidemi sa a te fè anpil ravaj nan mitan popilasyon ayisyèn nan, sa ki te lakòz lanmò prèske 10,000 moun, daprè Unicef. Anvan popilasyon an te kwape maladi sa a, li te soufri anpil domaj ak kontaminasyon prèske 820 000 moun. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.