Categories: AN KREYÒL ÉDUCATION

MENFP lanse enskripsyon bakaloreya pèmanan pou kandida ki pa t pase yo

Share

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl lanse enskripsyon bakaloreya pèmanan pou elèv ki te echwe yo k ap demare jodi lendi an e k ap gen pou bout nan dat 27 janvye k ap vini an. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon kominike pou laprès ki pibliye ayè dimanch lan, MENFP enfòme piblik la an jeneral, sitou elèv rekale yo, sou lansman enskripsyon pou bakaloreya pèmanan sesyon fevriye 2023 a k ap demare jodi lendi 9 janvye an.  

Atravè Sant pèmanan evalyasyon li an, Ministè edikasyon nasyonal lanse premye sesyon egzamen bakaloreya pou ane 2023 a kote kandida ki te echwe yo pral kapab konpoze nan dat 13 pou rive 16 fevriye k ap vini an. 

Daprè MENFP, « kandida sila yo pral konpoze senpman nan matyè yo pat fè mwayèn yo pou yon peryòd de (2) lane apre evalyasyon an», ekri kominike sa ki presize, «apre tan sila a, Kandida yo ap oblije konpoze nan tout matyè yo si yo pa t janm pase.» 

Kandida ki entèrese patisipe nan sesyon egzamen bakaloreya sa ap kapab enskri nan Direksyon depatmantal edikasyon kote l ye an avèk fich patisipasyon l nan dènye egzamen ofisyèl yo, de foto idantite epi yon frè de mil (2 000) goud. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by