Categories: AN KREYÒL SPORTS

Hugo Lloris pran retrèt entènasyonal li !

Share

Kapitèn seleksyon Lafrans lan, Hugo Lloris anonse li pran retrèt entènasyonal li. Gadyen ekip Lafrans lan depi kèk lane deside mete yon bout nan bèl avanti l te genyen ak seleksyon an ki te kouwone ak yon Mondyal. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Mondyal 2022 sa make kòmansman ak lafen nan yon pakèt bagay. Gen antrenè ki ale, genyen ki vini. Gen jwè ki revele tèt yo konsa tou genyen ki deside rakwoche krapon yo. Hugo Lloris, lidè gwoup Lafrans lan fè pati jwè ki pran retrèt entènasyonal yo aprè Mondyal Katari a. A 36 lane sou tèt li, Lloris jije se bon moman an pou l fè sa. 

Aktyèl gadyen Tottenham nan p ap pote mayo ak brasa kapitèn Lafrans lan ankò. Dènye aparisyon l se te nan final Mondyal 2022 kote Lafrans te fè bèk atè devan Ajantin nan chout penal (2-4) aprè tan pwolongasyon yo. Ansyen gadyen Lyon an fè 14 lane nan karyè foutbolè l ap mouye mayo l epi bare boul pou seleksyon Fransèz la. Li patisipe nan 4 Mondyal. 

Premye fwa Lloris te monte teren ak Lafrans, se te 19 Novanm 2008, nan yon match nil yo te fè ak Irigwe (0-0). Li te kapitèn Ble yo depi 2010 e li konnen 145 seleksyon ak ekip la. Pa gen pyès moun ki jwe plis match pou peyi Lafrans pase l nan koze foutbòl. Gadyen lejandè a fè konnen ou dwe kapab pase flanbo a bay sa k ap vin dèyè yo pou l te esplike desizyon l lan. 

Avèk seleksyon Fransèz la, Hugo Lloris te finalis nan Euro 2016 la. Annapre, li te ranpòte Mondyal 2018 la nan peyi Larisi epi li te chanpyon nan UEFA Nations League la nan lane 2021. Li se moun ki pote brasa kapitèn pou Lafrans plis fwa (121). Yon lejand ki vire paj la. 

Jephte Pascal

Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.

Leave a Comment
Published by