Rekonstriksyon Lise Marie Jeanne ki fini a 75% ap pare pou fen mwa me an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
rekonstriksyon lise marie jeanne ki fini a 75% ap pare pou fen mwa me an 

Nan vizit sou chantye rekonstriksyon Lise Marie Jeanne lan samdi 7 janvye ki sot pase an, Minis edikasyon nasyonal la ki te akonpanye ak Direktè BMPAD la, Fils Aimé Ignace Saint Fleur, fè konnen travay yo pou kounya fini a 75% e ta dwe pare nan fen mwa me k ap vini an. 

https://twitter.com/bmpadhaiti/status/1611862989409239040?s=20&t=q88yyFzP4TWPs0h14m5oiQ

- Advertisement -
Ad imageAd image

Devan mikwo ak kamera jounalis ki te prezan sou chantye rekonstriksyon Lise Marie Jeanne lan samdi 7 janvye an, Minis Nesmy Manigat fè konnen travay yo ki 75% fini kounya ta dwe finalize fen mwa me an e disponib pou rantre ane akademik 2023-2024 la. 

Rekonstriksyon Lise sa ki te demare sa gen plis pase 2 zan, ap kapab fini konplètman pou ane 2023 a, sa ki reprezante anpil reta konpare ak tan ki te prevwa lè pwojè sa t ap demare an. Minis Manigat ki rekonèt reta sa, pwofite anonse repriz travay yo nan Lise Jèn Fi ki ta dwe fini pandan ane akademik k ap vini an. 

Direktè jeneral BMPAD la nan bò pa l fè konnen travay rekonstriksyon lise an ki te dwe koute 129 milyon goud, oblije Leta ayisyen mobilize yon anvlòp 26 milyon anplis pou mete l a 155 milyon goud kòm fon pou reyalize pwojè sa akoz twoup sosyopolitik peyi an pa sispann konnen sou dènye ane sa yo. 

Lycée Marie Jeanne, menm jan ak Lise Jèn Fi, se de pwojè rekonstriksyon k ap reyalize avèk finansman peyi Japon, raple Fils Aimé Ignace Saint Fleur ki te tou pwofite pou fè konnen batiman sa yo k ap kontwi an fèt daprè prensip parasismik ak antisiklonik yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.