Categories: AN KREYÒL

Yon asasen rann tèt li DCPJ aprè 10 mwa nan mawon

Share

Ronelson Saint-Louis ki akize kòmkwa li ta touye madanm li 13 mas 2022, rann tèt li vandredi ki sot pase a nan DCPJ aprè li fin pase 10 mwa nan mawon kote pifò tan sa pase Repiblik Dominikèn. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Endividi sa Biwo afè kriminèl nan DCPJ t ap chache depi mwa mas 2022 pou enplikasyon l nan lanmò madanm li Rushama Télémaque, rann tèt li bay otorite Lapolis yo vandredi 6 janvye ki sot pase a aprè 10 mwa nan mawon. 

Ronelson Saint-Louis ki akize kòm prensipal otè asasina Rushama Télémaque lan, te gen dèyè l yon manda ki sòti bò kote Pakè tribinal premye enstans Senmak la ki te mande otorite Lapolis yo chache l epi arete l. 

Komisè gouvènman bò kote tribinal premye enstans Senmak la, Moïse Deristin, te mete manda sa depi 21 mas ane pase dèyè sitwayen sa ki ta touye madanm lan epi sove al refijye nan peyi Repiblik Dominikèn. 

Daprè kominikasyon Lapolis la, Ronelson Saint-Louis twouve l nan gadavi anndan Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) avan pou l transfere devan otorite konpetan yo pou swit nesesè yo. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by