Pwojè estad fondasyon « Toup pou yo » a toujou la ?  kote lajan sa pase ?  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
pwojè estad fondasyon toup pou yo a toujou la   kote lajan sa pase   

Nan mitan lane 2018, fondasyon « Tout pou yo » ki gen nan tèt li Senatè Pierre Paul Patrice Dumont, ak anpil lòt gwo non nan sosyete a tankou : Frantz Exil, Kesner Pharel, Guy Allen, Reynald Dévilmé, Marina Gourgue, […] te reyini nan otèl Oasis pou prezante yon konkenn chenn pwojè, ki te fè tout ayisyen reve.  Ki se konstwi yon estad ki rele « Toup pou yo » nan zòn kwadèboukè. Plizyè ane pase okenn rapò pa janm bay sou koze estad sa. Anpil moun ap mande kote lajan ki te ramase  pou bèl pwojè sa pase ? 

Depi 1962, sou Prezidan Cincinnatus Leconte, estad Sylvio Cator te konstwi, anpil ane pase Ayiti pa janm rive bati yon lòt enfrastrikti espòtif pou bay espò a jarèt. Nan lide sa fondasyon  » Toup pou yo », te wè se yon nesesite pou Ayiti gen yon lòt estad pou resevwa gwo evènman, yon estad ki ta ka pran plis pase 40 mil moun. Menm jan ak anpil peyi nan karayib la genyen l.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pwojè estad  » Toup pou yo  » ki gen youn manb li,  tout moun konnen, ki te prezantatè espò epi ki vin Senatè, ta pral bay anpil espwa ak sètitid nan kèk lane Ayiti kapab gen yon estad ki reponn ak kritè entènasyonal yo. Se yon pwojè ki tap koute 100 milyon dola vèt, yon lajan ki tap soti nan pòch popilasyon an, espesyalman pou moun ki renmen foutbòl epi Leta Ayisyen tap envesti yon pati. 

Anpil moun te renmen ide a, ki ta pral lanse nan lane 2019. Se te yon bon nouvèl pou  anpil ayisyen kap viv nan peyi a ak lòt bò dlo. Sa te pouse anpil nan yo te kòmanse bay kòb pou rèv sa reyalize. Aprè kèk ane zòn Kwadèboukè ta pral anvayi ak kò gang tribò pa bò, koze ensekirite a ta pral ralenti ou menm kanpe bèl pwojè sa ak tout lajan ki te nan kès fondasyon an.  

Se vre foutbòl prèske pa eskziste nan peyi a, pou n pa fin di espò nèt. Ansyen Senatè  Patrice Dumont, ki se yon moun ki renmen foutbòl anpil, yon moun ayisyen respekte anpil ta dwe, li menm ak tout lòt manb fondasyon « Toup pou yo » a fè limyè sou kijan lajan pwojè estad la pase, si pwojè a toujou la, nan ki nivo l ap avanse. Bati yon lòt estad ki pa 25 estad  gouvènman Martelly-Lamothe la, se rèv tout ayisyen.  

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive