Administrasyon jeneral ladwàn fè egzijans ak tout antrepriz yo pou mete nan tout korespondans y ap adrese ak enstitisyon an yon adrès elektwonik nan lide pou fasilite rapò kominikasyon yo.
Nan yon avi piblik ki pote dat 18 janvye 2023, Direksyon jeneral AGD an enfòme desizyon sa ki adrese prensipalman ak enpòtatè, komisyonè otorize epi transpòtè ak reprezantan l yo.
Administrasyon jeneral Ladwàn mande pou tout konsène yo enskri nan tout korespondans y ap adrese ak enstitisyon yon adrès elektwonik ki ap fonksyone nan lide pou kapab amelyore relasyon ki egziste ant Ladwàn ak antrepriz yo.
Dispozisyon sa vize egalman pèmèt sèvis dwanye yo amelyore delè repons korespondans Administrasyon jeneral resevwa yo, sa nou kapab li nan avi sa ki gen yon kopi nan redaksyon an.
Facebook Comments