Kèk chif nou dwe konnen sou Mondyal 2022 a yon mwa apre 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
kèk chif nou dwe konnen sou mondyal 2022 a yon mwa apre 

Sa gen yon mwa, mond foutbòl la te viv youn nan pi bèl Mondyal ki fèt nan 92 lane, petèt pi bèl la. Mondyal sa te jenere anpil revni e chif li trennen dèyè l yo pa piti. 

Anpil rekò tabli nan Mondyal Kata 2022 a, kidonk anpil rekò tonbe. Gen 172 gòl ki fèt nan konpetisyon an. Se pi gwo total ki fèt sou yon edisyon Koupdimonn. Li depase Mondyal 1998 ak 2014 ki te gen 171 gòl make nan yo chak.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gen 5 milya moun ki te enplike nan Mondyal sa. Final la menm te gen 1.5 milya moun ki t ap gade l nan tele. Match ouvèti a ki te mete bab pou bab peyi òganizatè a, Kata ak Ekwatè, te gen 550 milyon ki t ap swiv li dèyè ekran yo. 

Gen plis pase 6 milya angajman sou rezo sosyal yo pou Mondyal sa. Lè yo kimile pòte tout platfòm yo, yo atenn yon chif fenomenal ki se 262 milya angajman. Mondyal sa te mennen anpil moun nan estad yo tou. Gen 3.4 milyon moun ki vin gade match yo nan estad yo pou konpetisyon an. 

Nan koze òganizasyon, Koupdimonn Kata 2022 a fè pwen sou tout lòt yo. Pou jan tounwa sa te dewoule, anpil obsèvatè jije se pi bèl Mondyal ki fèt depi lè espò wa a egziste. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.