Categories: AN KREYÒL ECONOMIE SPORTS

Ansyen atlèt Usain Bolt pèdi 12 milyon dola, akoz yon anak

Share

Sou yon kont li te genyen nan yon sosyete envestisman nan peyi Jamayik, ansyen gwo atlèt mondyal la Usain Bolt, viktim de yon anak ki lakoz li pèdi 12 milyon dola.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ayè mèkredi a, avoka Usain Bolt yo fè konnen kliyan yo a pèdi yon total 12 milyon dola sou yon kont li te genyen nan Stocks and Securities Limited, yon sosyete envestisman prive, ki nan peyi Jamayik. Daprè avoka yo, ansyen atlèt la ta rete selman 12 000 dola sou kont sa, aloske oparavan li te genyen plis pase 12,8 milyon dola sou li.  

Avoka yo fè konnen y ap pran lajistis kont konpayi sa, si nan yon delè 10 jou, lajan pa retounen sou kont Bolt la. Sosyete a sou bò pa l pat deside pale sou dosye a, men pito di yo dekouvri fwòd la nan kòmansman mwa janvye a, epi mande tout kliyan ki ta viktim de menm anak ak ansyen atlèt la, pou yo pote plent nan komisyon sèvis finansye Jamayik la, k ap enkete sou antrepriz la.  

Manajè Usain Bolt la, Nugent Walker fè konnen, ansyen atlèt la te envesti lajan nan konpayi sa depi yon dizèn lane, e se menm jou mèkredi sa li remake kèk chanjman sou kont li a. Men tout mezi nesesè deja pran pou konnen kijan lajan fè disparèt e pou konnen tou pozisyon konpayi Stocks and Securities Limited sou dosye a. 

Usain Bolt te pran retrèt li nan lane 2017, li posede jiskaprezan rekò 100 mèt, 200 mèt ak 4×100 mèt la. Li ranpòte tou, 8 meday lò olenpik. Usain Bolt se atlèt Sprint(kous a pye) ki gen plis tit nan konpetisyon sa (11), e li se sèl atlèt jiskaprezan ki bat 3 rekò mondyal nan yon sèl e menm olenpyad. 

Sam Sarah Devilus

Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.

Leave a Comment
Published by