Real Madrid toujou vle Kylian  Mbappé 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
real madrid toujou vle kylian  mbappé 

Aprè Réal Madrid te montre youn nan enterè li pou li siyen Mbappé, star fransè a te pwolonje kontra li ak PSG, yon desizyon ki pa t fè plezi ak dirijan epi fanatik Real yo. Men Mbappé te fè konnen li pat di non ak « merengue » yo, malgre te pwolonje ak PSG. Daprè ‘The Athletic’ Real Madrd toujou sou dosye Mbappé a. 

Daprè ‘The Athletic’ diskisyon ant klan Mbappé yo ak dirijan Real Madrid yo pa sispann. Si aprè  kontra meyè bitè Mondyal 2022 a, te sispann ak PSG, te bay Real Madrid yo gwo avans sou yon potasyèl transfè jwè a nan Réal. Mbappé ta pral deside nan sans envès la kote l tap pral pwolonje kontra li ak PSG.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè 8 mwa pwolongasyon Mbappé ak ekip PSG, prezidan Real la ki se Florentino Pérez pa fèmen pòt pou Mbappé ta vin jwe nan Real Madrid. Daprè medya Britanik lan, Real se sèl klèb li ka rache star fransè nan men PSG.

Sa ki komanse mete piman nan yon lòt paj nan sa ki gen pou wè ak feyton Mbappé a nan klèb Real Madrid la. Dosye sa ap kontinye pou mèkato kap vini nan ete a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive