Categories: SPORTS

Barcelone rache yon nil fas Manchester United (2-2)

Share

Nan kad baraj Ligue Europa a, Barcleone sove yon match nil fas ekip Manchester United la (2-2). Yon rankont ki te reponn ak tout atant li, yon 90 minit boul gason pa kanpe. Baraj retou a anonse yon vag konpliksyon pou Barcelone nan Old Traford la, ki pap ka konte sou Pedri, Busquets, Gavi ak Dembouz ki blese.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 

Nan yon match byen chofe ak anpil entansite, Barcelone ak Manchester United fè 2-2 nan Camp Nou an, pou yon match baraj nan Ligue Europa. Yon batay ki anonse enteresan nan Old Trafford la. Barcelone ki kapab gen kèk difilikte pa rapò ak kèk eleman enpotan li genyen ki blese.

 

Ekip Barcelone nan, te ouvè mak la sou yon gòl Marco Alonso ta pral fè nan 51nyèm minit (1-0), 3 minit aprè, Marcus Rashford, ki anfom dènye tan sa yo, ta pral egalize pou United (1-1). Nan 60tyèm minit Jules Koundé ta pral bay tèt li gòl (1-2) epi nan 77tyèm minit Raphinha ta pral rache nil lan pou Catalan yo.

 

Match retou a anonse anpil pwomès, paske anyen poko di pou 2 ekip yo, ki bezwen kalifye pou lòt faz la.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by