Categories: AN KREYÒL SPORTS

Yon retou pou Marcelo nan chanpyona brezilyen an

Share

Defansè brezilyen an, Marcelo, ki te lib depi aprè li fin koupe kontra l ak ekip Olympiakos la nan jou ki sot pase yo, fè retou li nan klèb fòmatè li an, Fluminense, k ap evolye nan premye divizyon peyi Brezil.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Lateral goch brezilyen an ki kite ekip Olympiakos lan aprè sèlman 5 mwa pase nan chanpyona grèk la fè gran retou li nan chanpyona brezilyen an aprè 16 lane pase ap evolye nan foutbòl ewopeyen an.

Defansè brezilyen an siyen yon kontra yon lane ak klèb Rio de Janeiro a k ap bout an 2024 avèk yon lòt ane kòm opsyon daprè yon kominike klèb Fluminense an rann piblik jodi vandredi an.

Marcelo ki te kite peyi Brezil nan lane 2007, a 18 an, pou te kapab rejwenn Real Madrid, retounen lakay li, nan klèb ki te fòme l la aprè 16 lane pase deyò kòm pwofesyonèl.

Brezilyen 34 lane an ki te okipe pandan plis pase yon dizèn ane pòs lateral goch nan ekip Real Madrid la kòm titilè fè pati jwè ki pran plis tit ak “Merengues” yo avèk prensipalman 5 Lig dè Chanpyon, ladan yo twa tit youn aprè lòt klèb kapital espanyòl la pran yo.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Brezil Marcelo sports