Lapolis nan vil Okap mete anba kòd ayè vandredi 24 fevriye 2023 a, yon fo doktè yo konnen sou non Bendjy Chéry, 31 lane, nan dosye PNH fè pou li yo nou te ka li ; vyolasyon konfyans ak magouyè, kòm enfraksyon. Endividi a ki pran pòz doktè li, pran plezi nan bay moun fo papye medikal.
Lavi moun nan dènye tan sa yo deja reprezante yon gwo defi pou divès gwo pwofesyonèl lasante, endividi mal entansyone pran plezi nan jwe ak sa…. Anplis yo arete l pou fo doktè, sitwayen an itilize tou plizyè fo non tankou, Gilles, Peterson, pou l fè zak malveyan. Bendjy Chéry te deklare polisye yo, li se yon ajan vwayaj tou nan resevwa lajan nan men moun, pou planifye vwayaj pou yo nan peyi etranje epi sove ak lajan yo. Plizyè plent te pote kont li nan lane 2020, sa ki ta pral lakòz li te gen gwo avi rechèch nan degwann li depi ane sa a.
Pou total, viktim yo te depoze plis pase 17 plent kont li.
Pou kouwèl ye la a, Bendjy Chéry nan prizon, l ap tann aksyon legal ki nesesè yo.
Facebook Comments