Categories: AN KREYÒL SPORTS

Manchester United pran yon tit aprè 6 lane

Share

Yè dimanch lan, ekip Manchester United la rive genyen Newcastle (2-0) nan kad final Carabao Cup. Erik ten Hag bay Reds Devils yo premye tit yo aprè 6 lane san pran anyen, sa fè Manchester United 6zyèm tit yo nan zafè Carabao Cup. Dènye fwa yo te pran trofe sa se te 2017 ak José Mourinho.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ekip Mancheter United ki gen anpil konfyans dènye tan sa yo, rive champyon fas Newcastle nan Carabao Cup la (2-0), bitè yo se Casemiro (33zyèm) epi ekip Maggies yo ta pral bay tèt yo gòl nan 39vyèm minit ak Botman, ki te lobe gadyen l.

Final sa te enpòtan anpil pou Erik ten Hag, ki debake sezon sa nan tèt ekip United la. Aprè kalifikasyon yo fas ak Barcelone, tit Carabao Cup se yon konfimasyon pou fòm ekip la dènye tan sa yo.

Marcus Rashford te montre l enpòtan nan pwent atak Reds yo, li menn ak Casemiro te patisipe anpil nan tit sa pou ekip la, ki pat pran okenn konpetisyon depi 6 lane. Reds Devils yo ap kontinye nan League Europa epi ap batay pou yon bon plas nan Premier League la.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Carabao cup Manchester United