« Stop Accidents » mande liberasyon Kowòdonatè Nasyonal li a

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
stop accidents mande liberasyon kowòdonatè nasyonal li a

Nan yon nòt pou laprès ki pibliye nan wikenn sa a, òganizasyon « STOP Accidents » mande pou lage Kowòdonatè Nasyonal li a, ki se Direktè Kominikasyon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an tou, Doktè Jeanty Fils Exalius, limenm bandi ak zam te kidnape nan dat 22 fevriye 2023 a, nan zòn Delmas 31.

Sekretè Jeneral estrikti sa a, Cassandra Milord Michel nan nòt pou laprès sa a, prezante Doktè Jeanty Fils Exalius kòm yon moun ki ap goumen pou diminye kantite aksidan nan peyi a sou baz volontè, sa vle di yon bagay li ap fè san li pap jwenn anyen an retou.

Nan sans sa, òganizasyon « STOP Accidents » fè konnen malgre angajman Direktè Kominikasyon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Jeanty Fils Exalius anvè popilasyon ayisyen an, Doktè a deja gen 5 jou nan men kidnapè yo.

Se sak fè  » STOP Accidents », mande pou lage san kondisyon Doktè Jeanty Fils Exalius pou aktivite yo kapab rekòmanse ankò jan sa te konn fèt chak jou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.