Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), nan yon nòt pibliye jodi samdi 11 mas 2023 a, fè konnen polisye Micioni Pradel Innocent, kouzen lidè gang Vitelhomme Innocent, te arete ayè vandredi 10 mas 2023 a nan Lewogan pou afilyasyon li ak gang.
Daprè enstitisyon polisyè a, ajan sa a te plase nan Kò Entèvansyon pou Antretyen Lòd (CIMO) nan yon sitiyasyon abandon pandan plizyè mwa, Direksyon Santral Lapolis Jidisyè (DCPJ) ak Enspeksyon Jeneral la Polis Nasyonal la t ap chèchè l.
Micioni Pradel Innocent ta dwe transfere yon ti tan nan DCPJ, yon fason pou yo kapab odisyonel.
Yon lòt bò, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) raple Operasyon Tònad I an ap kontinye nan lide pou febli epi demonte gang kriminèl sa a, Chèf gang Vitelhomme Innocent ap dirije a.
Facebook Comments