Categories: AN KREYÒL SPORTS

Kylian Mbappé, nouvo kapitèn seleksyon Lafrans lan

Share

Avan pwochen match eliminatwa Euro 2024 yo, antrenè seleksyon Lafrans lan, Didier Deschamps, chwazi atakan Paris Saint-Germain an, Kylian Mbappé, kòm nouvo kapitèn ble yo.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Aprè retrèt entènasyonal Hugo Lloris ak Raphaël Varane, ki se te youn aprè lòt kapitèn epi vis kapitèn seleksyon Lafrans lan, se finalman Kylian Mbappé ki pral gen brasa a daprè jounal l’Équipe.

Didier Deschamps ki te gen chwa ant Kylian Mbappé ak Antoine Griezmann pou remèt brasa kapitèn lan, ofri privilèj sa ak atakan 24 lane PSG an ki pral gen pou jwe premye match li avèk estati sa apati vandredi k ap vini la.

Kylian Mbappé ki te finalis epi meyè bitè dènye Koupdimond lan, se nouvo kapitèn seleksyon Lafrans lan aprè 66 match li gentan jwe sou koulè mayo ble yo pou 36 gòl li deja enskri, pami yo 8 nan dènye mondyal Kata a.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Antoine Griezmann Didier Deschamps Football France Hugo Lloris kapitèn Kylian Mbappé l'Équipe Match mondyal Kata Paris Saint-Germain Raphaël Varane Sport