Osimhen ak Kvicha, 2 jwè kap fè bonè Naples sezon sa

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
osimhen ak kvicha, 2 jwè kap fè bonè naples sezon sa

Pou sezon 2022-2023, ekip Naples la ap kraze Serie A. Pèfomans klèb italyen an nan Champions League se yon bagay istorik kote yo kalifye pou premye fwa pou kadefinal nan pi gwo konpetisyon klèb yo an Ewop. Bèl rezilta sa yo, se kontribisyon 2 jwè : Victor Osimhen ak Kvhicha Kvaratskhelia, ak yo 2 a se 39 gòl 21 pas gòl pou sezon sa.

Victor Osimhen ak Kvhicha Kvaratskhelia, se 2 jwè kap fè bonè ekip Naples la pou sezon sa, keseswa nan Serie A ak Champions League la, Negeryen an ak Jògyen an ap fè diferans lan depi lè sezon an kòmanse.

Diyo sa pa sispann bay ban defans advès yo pwoblem, pou sezon sa yo gentan reyalize 39 gòl ak 21 pas gòl. Osimhen ki gen 21 gòl se meyè bitè Serie A epi Kvaratskhelia gen 10 pas gòl, li se meyè pasè chanpyona.

Naples ki nan tèt chanpyona ak gwo bon longè sou dezyèm nan, 19 pwen sou Lazio, sou wout pou l pran 3zyèm scudetto nan istwa li depi 1990. Tit  sa ap posib gras ak pefòmans 2 jwè nou sot site la yo. Kounya kesyon an se: kibò 2 jwè sa yo ap mennen ekip Naples la nan Champions League la?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article