Categories: CULTURE MUSIQUE

Gracia Delva ak Mass konpa pare pou al jwe Etazini pou ane 2023

Share

Depi kreyasyonl nan lane 2003 apre depòtasyon Gracia Delva, Mass Konpa poko janm rive jwe nan peyi Etazini. Yon sitiyasyon ki ta dwe chanje pandan ane 2023 sa, sitou apre sòti denye albòm yo a « Sans Regret» .

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Apre plis pase 20 lane san jwe Etazini , Gracia Delva ak Mass Konpa fè konen yo pare pou yo al pèfòme nan peyi sa pandan ane 2023. Yon enfòmasyon responsab yo pa janm sispann pataje depi kèk tan .

Dapre ansyen chantè « Zenglen » an, 04 novanm 2022 make fen entèdiksyon ki te genyen kont li pou antre Etazini. Nap raple lajistis ameriken te pran desizyon sa kont atis la an novanm 2002 pou yon kesyon magouy .Imigrasyon ameriken te kondane vwa «So far From Jerusalem » lan poul pase 20 lane san antre sou sòl peyi Etazini. Men malgre desizyon sa Gracia Delva ki te antre Ayiti an desanm 2002 te rive fè yon premye vwayaj kay tonton Sam nan lane 2011.Yon vwayaj ki pat gen okenn rapò ak mizik men pito ak fonksyon politik li te okipe nan epòk la.

Wadner Joseph manager djazz la deklare ekip Mass konpa pare pou kèlkeswa pwomotè ki ta enterese fè aktivite nan peyi Etazini, epi tou profite fè konen gen demach ki deja ap fèt. Yon bon nouvèl pou Mass Konpa ki apèn sòti 4yèm albòm stidyo yo nan fen lane 2022 a . Yon retou ki tap fè plezi ak fanatik chantè a ki te fè konnen peyi sa mankel nan mizik « So Far From Jérusalem » lan .

Kesyon fanatik yo ap poze tèt yo se si toutfwa Mass Konpa , ki se youn nan dènye gwoup ki ap evolye nan peyi a ta jwenn otorizasyon pou antre Etazini eske djazz la ap toujou stab isit an Ayiti?

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste

Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média

Leave a Comment
Tags: 2003 4 novanm 2002 ayiti desanm 2002 Etazini Gracia Delva Mass Konpa Mizik San Regret So Far From Jérusalem Wadner Joseph Zenglen