Categories: AN KREYÒL SPORTS

Tuchel kwè Bayern ka pran tout tit yo pou sezon an

Share

Aprè revokasyon Negelsman nan tèt ekip Bayern nan, ranplasan li, Thomas Tuchel fè konnen jodi samedi an, ekip Bayern nan kapap pran tout tit l ap jwe pou sezon sa. Klèb Bavarois ki sou 3 tablo : 2zyèm nan Bundesliga, nan Koup Almay la ak Champions League, kapab akonpli anbisyon ansyen antrenè Chelsea a.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Aprè defèt ekip Bayern nan fas Bayern Leverkusen (1-2) nan Bundesliga, sa ki mete klèb Bavarois nan 2zyèm plas klasman nan do Borrusia Dortmund ak yon grenn pwen. Aprè defèt sa, dirijan Bayern Munich yo te deside mete Nagelsman atè epi pran ansyen antrenè PSG a, pou fini sezon an epi siyen yon kontra ak li pou jis 2025.

Nan konferans pou laprès, nouvo antrenè Bayern Munich lan,  montre anbisyon li pou rès sezon an, kote l fè konnen ekip la ka gen tout tit lap jwe yo.

“Nan Bayern, fòk ou genyen, genyen ak manyè. Efektik ekip la genyen an, se youn nan pi bon efektik an Ewop. Se yon kokennchenn plezi pou m travay ak efektik sa. Nou kapab pran tout tit nap jwe yo.” Se sa teknisyen 49 lane a fè konnen.

Tuchel ki ap gen pou afwonte ansyen klèb li, Borrusia Dortmund (leader Bundesliga), yon ekip li te dirije 2015 ak 2017, deklare avan match chòk sa kap fèt premye avril kap vini la. : ” pa gen yon pi gran defi, pou m kòmanse fas ekip Dortmund lan. Se yon chòk nan foutbòl almann. Ekip Dortmund lan gen yon lòt dimansyon, y ap fè yon bèl sezon ane sa.”

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Bayern Munich Borrusia Dortmund Bundesliga Champions League Chelsea Nagelsman psg Thomas Tuchel