Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Yon semèn aprè, toujou okenn nouvèl sou majistra Ikenson Edumé

Share

Bandi ak zam ki te kidnape majistra enstriktè Ikenson Edumé nan dat 20 mas ki sot pase a nan Laboul, toujou poko rantre an kontak ak fanmi an sou kondisyon yo pou libere jij la ki gen yon semèn depi l pa rantre lakay li.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Fanmi an ki kontinye ap mande liberasyon majistra a depi aprè anlèvman sa ki ta pral fèt nan aprèmidi 20 mas ki sot pase an, toujou pa resevwa apèl ravisè yo sou tèm ak kondisyon pou liberasyon an.

Nouvo prezidan RENAMAH a, Loubens Elysée, fè konnen fanmi Ikenson Edumé panike anpil akoz ravisè yo toujou pa rantre an kontak avèk yo pou ta kapab negosye sou kantite lajan yo ta gen pou bay kont liberasyon an.

Ikenson Edumé ki se te prezidan Rezo nasyonal majistra ayisyen yo RENAMAH, ta pral kite fonksyon sa pou Loubens Elysée, aprè CSPJ te mete l pami yon ventèn jij non-sètifye e ki pa ta gen plas yo nan sistèm jidisyè ayisyen an.

Depi kòmansman ane an, ka anlèvman yo nan peyi a konnen yon kokennchenn ogmantasyon kote, daprè Nasyonzini, plis pase 200 moun ta deja viktim anba men ravisè yo k ap egzije gwo kantite lajan kont liberasyon otaj yo.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: anlèvman Bandi CSPJ Ikenson Edumé Jij Laboul Loubens Elysée Majistra Nasyonzini RENAMAH