Rezidan Sanatorium yo denonse move kondisyon travay yo nan lopital la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
rezidan sanatorium yo denonse move kondisyon travay yo nan lopital la

Nan yon kominike pou Laprès ki pote dat 24 mas 2023, medsen rezidan yo nan lopital Sanatorium denonse move kondisyon travay y ap fè fas nan lopital la ki pa anmezi pou resevwa malad epi ba yo swen.

Fas ak deteryorasyon kondisyon travay yo nan lopital la,  yon bon pati sèvis laswenyay nan epas la repoze sou medsen sa yo, yo di, yo bouke kote yo alète sosyete an, prensipalman konsène yo, sou agravasyon sitiyasyon sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Nou menm medsen rezidan Sanatorium, konsanti anpil sakrifis e fè anpil rezistans pou nou ofri yon ti moso lasante ak moun ki pi vilnerab nan sosyete a malgre n ap travay nan yon sitiyasyon nou pa te janm imajine », yon pati nan kominike sa.

Pami pwoblèm Lopital Sanatorium ap konfwonte yo, medsen rezidan yo fè konnen pa gen entran ak lòt materyèl nesesè pou fonkyonnman espas la, enfimyè yo ki pa vin travay epi lopital la ki pa gen administrastè depi kèk tan.

Lopital Sanatorium se youn nan pi ansyen sant medikal nan rejyon metwopolitèn lan k ap bay laswenyay, prensipalman moun ki soufri maladi tankou tibèkiloz ak divès lòt ka ankò.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.