Categories: NETALKOLE

Lapolis arete yon chofè John Joël Joseph nan kad dosye assasina Jovenel Moïse lan

Share

Nan yon kominike pou laprès ki pibliye jodi 12 avril lan, responsab Lapolis yo anonse arestasyon ayè madi an Prévot Mozard, chofè ansyen senatè John Joël Joseph, pou enplikasyon l nan dosye lanmò Jovenel Moïse lan.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan kad yon operasyon plizyè inite nan Lapolis la mennen ayè madi an, Prévot Mozard ki te gen manda dèyè l pou enplikasyon l nan asasina ansyen prezidan an, jwenn arestasyon l nan Dèlma 41.

Daprè biwo kominikasyon Lapolis la, nan fouy ki fèt lakay sitwayen sa, ajan lòd yo rive rekipere plizyè materyèl, pami yo yon zam 9mm, yon chajè ak 12 katouch epi twa motosiklèt.

Pou kounya, Prévot Mozard twouve l nan gadavi avan pou yo transfere l bay otorite lajistis yo ki pral gen pou fè swivi yo.

N ap raple, nan menm kad dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse lan, John Joël Joseph ta pral jwenn arestasyon l aprè plizyè mwa nan mawon.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Arestasyon Assasina Dèlma 41 John Joël Joseph Jovenel Moïse Lajistis Lapolis Prévot Mozard Zam