Categories: AN KREYÒL MUSIQUE

Apre plis pase yon lane poz, Frè Gabe tounen nan mond mizik evanjelik lan

Share

Jedi 13 avril 2023 , rapè evanjelik ayisyen an Frè Gabe, ki gen pou bon non Gabriel Pierre Alan, anonse piblik lan retou li nan mond mizikal la. Apre vwayaj li nan mwa fevriye 2022 an , atis la te sispann pèfòme, anile tout aktivite epi refize tout konsè, pou rete fokis sou Jezi ak fanmi li .

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan kominike sa li pibliye pou anonse nouvèl la , Frè Gabe fè konen pandan 8 lane li gentan pase ap evolye nan sektè evanjelik la, li te konn jwenn kèk difikilte. Atis la pale de atak ak fo akizasyon sòsyete a te pote sou li sou rezo sosyal yo konsènan je li . Menm sou kesyon ensekirite a chantè a te rive viktim tentativ kidnapinn , vòl, ak kèk lòt sitiyasyon ,men dapre sal di ” Lyon an toujou la” .

Frè Gabe ki deja genyen de albòm, fè konen retou aktif li nan mizik la vini apre yon refleksyon byen fèt ,epi volonte Sent-espri a ki pat swetel kanpe ,san konte konsèy madanm li te bali poul pa kite mizik .

Mizik Frè Gabe yo anpil fwa se rekonfò pou anpil moun , sa ta youn nan rezon ki ta pouse atis la pran desizyon sa poul pi aktif nan fè mizik spektak ak konsè yo . Toujou nan kominike li a, vwa ” Mgon Lyon Kap Veyem” lan deklare gen anpil moun ki toujou ap ekril fèl konen mizik li yo fè yo byen .

Yon nouvèl ki fè kè anpil moun kontan si nap suiv kòmantè epi reyaksyon entènot yo anba piblikasyon sa.

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste

Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média

Leave a Comment
Tags: 13 avril 2023 Fre Gabe Gabriel Pierre Alan Lyon an toujou la Mgon Lyon Kap Veyem Mizik sektè evanjelik