Messi bay yon endis sou avni l sezon k ap vini

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
messi bay yon endis sou avni l sezon k ap vini

Aprè anpil tentativ dirijan PSG yo fè pou pwolonje Ajanten an nan klèb kapital la, Lionel Messi pa montre okenn enterè pou li rete yon lòt sezon. Pendant plizyè klèb ap fè jwè a zye dou ak fanatik Barcelone yo ki pa sispann chante non Pulga nan Camp Nou an. Nan yon kanpay piblisite pou Louis Vuiton, Messi bay yon endis kote l ka depoze valiz li sezon k ap vini, petèt nan Peyi Arabi Sawoudit.

Kontra Messi k ap rive nan bout li ak PSG 30 jen k ap vini la,  ansyen jwè Barcelone nan ki pa anvi rete malgre tout pwopozisyon dirijan PSG yo fè li. Pou anpil analis, Chanpyon Mondyal 2022 a ta sipoze retounen nan ekip FC Barcelone nan. Nan kad yon piblisite pou youn nan pi gran mak nan mond lan, Louis Vuitton, Messi fè pase yon mesaj sou avni li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Pou mwen, orizon an se vire gad avni an, vole ale, kite imajinasyon m pote m ale. Gad sa ka fèt, wè kèk lòt posibilite. M konn sa k ap vini an, sa demen ap pote, men janm te gentan di l la, m renmen imajine, panse ak bagay ki ka rive. Men m pa konn avni m, ni sa l ta sipoze ye. Sa Bondye vle a, se li k ap fèt ». Se sa star Ajanten an fè konnen.

Menn si Barcelone pa ta ka achte Messi akoz fair-play finansyè a, men yon bagay ki sèten, jwè a p ap rete nan klèb PSG a,  sitou aprè fanatik yo fè konnen li se youn nan pwoblèm ekip la. Nimewo 30 PSG a, kapab al jwe nan chanpyona Arabi Sawoudit la, kote rival li Cristiano Ronaldo ap jwe.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive