NETALKOLE

Repiblik Dominikèn kontinye ap ranfòse prezans militè li sou fwontyè a

Fas ak menas ensekirite an Ayiti an, gouvènman dominiken an pa sispann pran dispozisyon pou ranfòse prezans li nan divès vil fwontalye li yo nan lide pou anpeche manm gang an Ayiti rantre sou teritwa yo an.

Kòmandan Lame dominikèn lan, Majò jeneral Carlos Antonio Fernández Onofre, anonse dispozisyon ki pran pou kontinye sekirize vil fwontalye li yo, prensipalman nan pwovens Monte Cristi, atravè ranfòsman prezans militè li yo.

Daprè chèf Lame dominikèn lan, ranfò sa yo nesesè anpil pou kapab chase sou teritwa dominiken an manm gang an Ayiti yo, prensipalman sila yo k ap sòti Fò Libète pou vin kache epi kontinye fè move zak Repiblik Dominikèn.

Nan kad aplikasyon mezi sa, Jeneral Carlos Antonio Fernández Ono bay lòd pou gen patwouy lajounen tankou lannwit epi ranfòse prezans militè dominiken yo nan wout bandi sa yo souvan itilize pou fè zak sa yo.

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Articles Similaires

1 de 1 155