Chanpyona fanm lan nan peyi Lafrans anonse entèresan pou wikenn lan avèk prensipalman yon chòk k ap mete fas pou fas Batcheba Louis ak Nérilia Mondésir.
FC Fleury 91 ki gen nan efektif li Batcheba Louis ap resevwa demen samdi a Montpellier HSC nan okazyon 20èm jounen D1 Arkema a nan yon fas a fas ant de Grenadye yo.
FC Fleury ki aktyèlman twazyèm nan chanpyona fanm premye divizyon fransè a avèk 35 pwen, ap resevwa byen bonè demen samdi an Montpellier HSC ki gen 4 pwen an mwens li nan senkyèm plas klasman an.
De Grenadye sa yo k ap fas a fas demen 6 me an pami koloni ayisyèn k ap evolye nan foutbòl fransè an, prensipalman nan D1 Arkema a ki gen ladan l egalman Corventina, Roselord Borgella ak Kethna Louis.
Facebook Comments