Categories: AN KREYÒL SPORTS

Real Madrid ranpòte yon 20èm tit Copa del Rey nan istwa l

Share

Gras avèk yon double pou atakan brezilyen an, Rodrygo, Real Madrid ranpòte yon 20èm tit Copa del Rey nan istwa l aprè viktwa sa li fè nan final fas Osasuna a (2-1).

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

San sipriz, madrilèn yo ki te pati favori pou final edisyon Copa del Rey sa, genyen konpetisyon an san grate tèt gras ak Rodrygo ki te desizif pou yo yè samdi an avèk yon double li enskri nan 2èm ak nan 70èm minit.

Atakan brezilyen 22 lane ki souvan desizif pou “Merengue” yo nan moman ki pi enpòtan yo, pa rate okazyon sa jodi samdi an kote l enskri double sa ki pèmèt twofe sa ap retounen Madrid aprè 9 lane depi yo pa t genyen konpetisyon sa.

Avèk 20èm tit Copa del Rey sa, Real Madrid kontinye rete dèyè FC Barcelone ki se jiskaprezan se ekip ki ranpòte konpetisyon sa pandan plis fwa depi dat kreyasyon li an.

N ap mansyone, avèk nouvo tit sa ki rantre nan palmarès “Merengue” yo, Carlo Ancelotti kontinye rantre pi fon nan istwa klèb espanyòl la kote l ranpòte dizyèm twofe li kòm antrenè ekip Real Madrid lan.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Carlo Ancelotti Copa del Rey FC Barcelone Osasuna real madrid Rodrygo