Baky prezante pi bèl kado li, epi anonse « Kaia »,yon nouvo albòm

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
baky prezante pi bèl kado li, epi anonse kaia,yon nouvo albòm (1)

Yon lane aprè sòti « Rap ap rete rap, chante ap ret chante », Baky anonse sou rezo sosyal yo jounen jodi ki 7 me a li pral sòti yon nouvo albòm ki ap pote non « Kaia ».

Se yon jou sèlman apre anivèsèl, atis la fè anons sa nan yon videyo ki dire anviwon yon minit , rapè a deklare « Gen yon melodi kem pa t ko chante ». Videyo sa a tou se kapab yon mwayen Baky itilize pou anonse piblik la li papa kounye a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan mwa ki sot pase yo, Cajour ki pataje lavi rapè a te pibliye plizyè foto ak videyo ki te montre vant li, epi li te pwofite anonse gwosès li. Nan yon piblikasyon, rapè a te fè kèk tan anvan sa, li te fè konnen: « Nou gen RANDEVOU a MINWI pou m pataje pi bèl KADO M avèk nou ».

Nan videyo a, Baky ak yon ti bebe, epi nan yon panye gen yon mesaj ki ekri « Livrezon espesyal ». Sa ki te fè nou kwè atis la pa sèlman anonse albòm li, men li tou pwofite prezante pitit li.

« Kaia » ta dwe katriyèm albòm estidyo rapè Okay lan. Toutfwa, Baky pa bay okenn enfòmasyon sou kilè pwojè sa a ap disponib. Si atis la pa di ouvètman li papa, anpil moun fè li konpliman sou rezo sosyal yo apre anons sa ki sanble bay anpil endis sou nouvo wòl Baky genyen nan lavi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média