Categories: AN KREYÒL SOCIÉTÉ

Kanapevè leve kè pòpòz aprè yon jounen tansyon ayè lendi a

Share

Pou kounya, kalm ak serenite tounen nan zòn Kanapevè aprè ayè lendi 08 me 2023 a te genyen anpil kawoutchou ki t ap boule akoz popilasyon an te pran nouvèl Wo kòmandman PNH la te deside transfere responsab Soukomisarya zòn lan, Etienne Jean Salvador.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Wi, ayè lendi a, plizyè manm nan popilasyon an nan Kanapevè te drese barikad sou vwa piblik la pou te bloke sikilasyon an nan lide pou te pwoteste kont transfè responsab la. Anpil kawoutchou t ap boule tou.

Pwotestatè yo pa t mete dlo nan bouch yo pou te kritike Direktè jeneral polis la, Frantz Elbé, ki ta dèyè desizyon sila. Yo fè konnen enspektè Étienne Jean Salvador ap fè yon bon travay nan zòn lan, yo p ap aksepte Direksyon jeneral polis la (DGPNH) al mete l lòt kote.

Swit ak mouvman sila, lapè pa t pran tan pou tounen. Otorite polisyè yo te retounen sou desizyon sila. Enspektè Salvador toujou nan tèt Soukomisarya Kanapevè a.

N ap raple, depi lè kout filè 24 avril la – kote lapolis te arete 14 jenn gason abò yon ti bis ki t ap sòti Petyonvil, yo te jwenn plizyè chajè zam, telefòn ak katouch sou yo, epi popilasyon an te touye epi boule yo – anpil moun felisite travay polisye yo ap fè nan Soukomisarya sila.

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: 08 me 2023 DGPNH Étienne Jean Salvador Frantz Elbé Petyonvil Soukomisarya Soukomisarya Kanapevè