Komisè gouvènman Gonayiv la pèdi djòb li ayè lendi 08 me 2023 a aprè l te fin libere chèf gang “Kokorat San Ras” la, William Raymond. Mwens pase 48 èdtan aprè l te pran desizyon retire dèyè bawo kriminèl notwa sa, yo ranplase Sérard Gazius nan pòs li a.
Pou kounya, Mèt la an disponibilte, li pa chèf Pakè Gonayiv la ankò, se Mèt Moïse Deristin ki ranplase li, daprè sa nou rive aprann.
Wi, nan kòmansman semèn nan, Sérard Gazius te mete an libète William Raymond, manm gang “Kokorat San Ras”, alòske jij ki t ap trete dosye kriminèl la pa t prezan. Anpil vwa te leve pou denonse nouvèl la nan tout depatman Latibonit la kote gang sila ap opere nan yon pati.
Se radyo Referans fm nan vil Gonayiv ki te bay nouvèl la, li di komisè Gouvènman Gonayiv la, Sérard Gazius, jis tann jij ki sou dosye kriminèl la absan pou li lage l.
Pou kounye a, lidè « Kokorat San Ras » la, William Raymond, te retounen jwenn parèy li yo, alòske genyen kèk ane avan sa, lapolis te arete li pou zafè kidnapin, anplis patisipasyon li nan divès menas kont plizyè majistra Asosyasyon Pwofesyonèl Majistra (APM).
Facebook Comments