Categories: ACTUALITÉS AN KREYÒL

Tigwav : yon nonm koupe tèt yon tifi 17 lane li t ap file

Share

Sa pase Tigwav, nan 5yèm seksyon Blèz andedan (Tou Kanari). Lapolis mete anba kòd yon endividi yo konnen sou non Peck Dema aprè li ta fin koupe tèt yon tifi 17 lane lendi 8 me 2023 a. Daprè enfòmasyon sous nou nan Radyo Préférence konfime, misye t ap koze ak demwazèl la an kachèt. Se viretounen l ap menase l si li ta gen malè di moun zafè l, l ap touye l.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Demwazèl la ki te pè anpil, oblije denonse misye, Peck Dema. Pandan pa gen moun nan apatman an, endividi a rantre, li pran demwazèl la, koupe tèt li, epi depoze l sou kò l.

Ensidan sa a pase pandan tout lòt moun yo al nan mache, alòske Peck Dema te abite nan apatman an deja. Li pwofite absans moun yo pou l touye demwazèl la, daprè konfimasyon youn nan temwen yo, Jona Dessalines.

Vrèman vre, Peck Dema t ap file viktim 17 lane a depi yon bon bout tan, epi li te konn fè l menas tou, te devwale Jona Dessalines, moun ki responsab kay la.

Lapolis Tigwav ki okouran, te touswit lanse avi rechèch dèyè prezime kriminèl la, pou kouwèl ye la a, Peck Dema nan gadavi ap reponn kesyon nesesè yo.

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: 5yèm seksyon Blèz 8 me 2023 Jona Dessalines Lapolis Peck Dema Radyo Préférence Tigwav Tou kanari